7
Wo 14:10,13“Pa jije pou nou menm pa vin jije. Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; Mc 4:24pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. E poukisa nou Wo 2:1gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? Luc 6:42O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
Mat 15:26“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
Luc 11:9-13“Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch? 10  O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11  Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, Sòm 84:11konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12  Luc 6:31Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske Mat 22:40sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13  Luc 13:24“Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14  Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
15  “Veye nou ak Mat 24:11,24fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16  Nou ap Mat 7:20konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17  Menm jan an, Mat 12:33,35chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18  Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19  Mat 3:10Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20  Konsa, nou ap konnen yo Mat 7:16pa fwi yo.
21  Luc 6:46“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22  Mat 25:11Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23  Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: Sòm 6:8‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24  “Pou sa, Mat 16:18tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25  Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26  Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27  Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, Mat 13:54foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

7:1 Wo 14:10,13

7:2 Mc 4:24

7:3 Wo 2:1

7:4 Luc 6:42

7:6 Mat 15:26

7:7 Luc 11:9-13

7:11 Sòm 84:11

7:12 Luc 6:31

7:12 Mat 22:40

7:13 Luc 13:24

7:15 Mat 24:11,24

7:16 Mat 7:20

7:17 Mat 12:33,35

7:19 Mat 3:10

7:20 Mat 7:16

7:21 Luc 6:46

7:22 Mat 25:11

7:23 Sòm 6:8

7:24 Mat 16:18

7:28 Mat 13:54