8
Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. Epi Mc 1:40-44yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman Mat 11:5lèp la te vin pwòp. Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men Mc 1:44 ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
Luc 7:1-10Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li: “Senyè, sèvitè mwen an kouche Mat 4:24paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. Paske mwen menm tou se yon moun anba Mc 1:27otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11  Konsa, Mwen di nou ke anpil moun És 49:12va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12  men Mat 13:38 fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan Mat 22:13fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13 Jésus te di a sentiwon an: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou Mat 9:22,29jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
14  Mc 1:29-34Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun Mat 4:24ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te Mat 4:23geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: És 53:4“Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Mc 4:35Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
19  Luc 9:57-60Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Dan 7:13Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
22 Men Jésus te di li: Mat 9:9“Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
23  Mc 4:36-41Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, Mat 6:30moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
28  Mc 5:1-17Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29 Epi yo te kriye e te di: Jij 11:12“Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32 Li te di yo: “Ale!”
Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive Mat 4:24moun move lespri yo. 34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, Am 7:12yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.

8:2 Mc 1:40-44

8:3 Mat 11:5

8:4 Mc 1:44

8:5 Luc 7:1-10

8:6 Mat 4:24

8:9 Mc 1:27

8:11 És 49:12

8:12 Mat 13:38

8:12 Mat 22:13

8:13 Mat 9:22,29

8:14 Mc 1:29-34

8:16 Mat 4:24

8:16 Mat 4:23

8:17 És 53:4

8:18 Mc 4:35

8:19 Luc 9:57-60

8:20 Dan 7:13

8:22 Mat 9:9

8:23 Mc 4:36-41

8:26 Mat 6:30

8:28 Mc 5:1-17

8:29 Jij 11:12

8:33 Mat 4:24

8:34 Am 7:12