7
Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Mat 8:5-13Li te ale Capernaüm. Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri. Lè li te tande afè Jésus a, Mat 8:5 chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a. Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo, e te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li. Paske li renmen nasyon nou an, e se te li ki te bati sinagòg nou an.” Jésus te pran wout la avèk yo; epi lè Li te vin pa t lwen kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen. Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou, men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri. Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”
Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, Mat 8:10 pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.” 10 Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.
11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13  Luc 7:19Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li, e te di li: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
16  Luc 5:26Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”! 17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo. 18  Mat 11:2-19Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo. 19 Li te rele de nan disip li yo, Jean te voye yo kote Luc 7:13Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?” 20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’ ”
21 Nan menm lè sa a, Li te Mat 4:23geri anpil moun avèk maladi, Mc 3:10afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg. 22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande; És 35:5
‘avèg yo vin wè, bwate yo vin mache,
lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve,
És 61:1e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.
23  Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’ ”
24 Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van? 25  Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye. 26  Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.
27  “Se li menm sou sila yo te ekri a:
Mal 3:1‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou,
ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’
28  “Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”
29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; Mat 21:32akoz yo te batize avèk batèm Jean an. 30 Men Farizyen yo avèk Mat 22:35avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
31  “A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble? 32  Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’ 33  Paske Jean-Baptiste te vini Luc 1:15san manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab! 34  Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! 35  Men sajès la Luc 7:29jistifye pa tout pitit li yo.
36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Epi Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37  Mat 26:6-13E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè; epi lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an. 39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te Luc 7:16yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
40 Epi Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Epi li te di: “Pale, Mèt.”
41  Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-san Mat 18:28denye, epi lòt la, senkant. 42  Lè yo Mat 18:25pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”
“Epi Li te di li: “Ou jije byen”.
44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou Jen 18:4pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li. 45  Ou pa t II Sam 15:5bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen. 46  II Sam 12:20Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.
47  “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
48 Answit Li te di li: Mat 9:2“Peche ou yo padone”.
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: Luc 5:21“Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; Mc 5:34 ale anpè.”

7:1 Mat 8:5-13

7:3 Mat 8:5

7:9 Mat 8:10

7:13 Luc 7:19

7:16 Luc 5:26

7:18 Mat 11:2-19

7:19 Luc 7:13

7:21 Mat 4:23

7:21 Mc 3:10

7:22 És 35:5

7:22 És 61:1

7:27 Mal 3:1

7:29 Mat 21:32

7:30 Mat 22:35

7:33 Luc 1:15

7:35 Luc 7:29

7:37 Mat 26:6-13

7:39 Luc 7:16

7:41 Mat 18:28

7:42 Mat 18:25

7:44 Jen 18:4

7:45 II Sam 15:5

7:46 II Sam 12:20

7:48 Mat 9:2

7:49 Luc 5:21

7:50 Mc 5:34