61
1 ✡ Mat 11:5Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo;
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 Pou ✡ És 49:8pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an.
Pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo,
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak ✡ Sòm 23:5lwil kè kontan pou ranplase tristès la;
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
4 Yo va ✡ És 49:8rebati ansyen mazi yo,
yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.
Yo va repare vil ki te detwi yo,
dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
5 ✡ És 14:2Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo,
e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou,
ak chan rezen nou yo.
6 Men nou va rele kon ✡ És 66:21prèt SENYÈ a;
Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an.
Nou va manje richès a nasyon yo,
e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.
7 Olye de wont nou, ✡ És 40:2nou va gen yon pòsyon doub;
olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo.
Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo;
lajwa etènèl la va pou yo.
8 Paske Mwen, SENYÈ a, ✡ És 5:16renmen lajistis;
Mwen rayi vòl ak malfezans.
Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,
e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.
9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,
e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.
Tout moun ki wè yo va rekonèt yo,
akoz yo se ✡ És 44:3desandan ke SENYÈ a te beni yo.
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a.
Paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye
dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon ✡ Rev 21:2jenn fi maryaj
abiye kò l ak bijou.
11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,
jaden an fè bagay ki simen ladann yo
vin pete grandi yo,
konsa Senyè BONDYE a va fè
✡ Sòm 72:3ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.