66
Konsa pale SENYÈ a:
I Wa 8:27“Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.
Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?
Epi ki kote pou M ta ka repoze?
Paske se És 40:26men M ki te fè tout bagay sa yo;
se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.
“Men, anvè sila Mwen va gade;
sila ki enb ak kè ki repanti a,
e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
Men sila ki touye yon bèf la,
li tankou sila ki touye yon moun nan;
sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an,
li tankou yon moun ki kase kou a yon chen;
sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an;
sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la.
Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo,
e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.
Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo,
e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a.
Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn;
Mwen te pale, men yo pa t koute,
men se II Wa 21:2-6mal yo te fè devan zye M,
e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”
 
Tande pawòl SENYÈ a,
nou menm ki tranble devan pawòl Li yo:
“Frè nou ki rayi nou yo, ki Mat 5:10-12rejte nou akoz non Mwen,
Yo te di:
‘Kite SENYÈ a resevwa glwa,
pou nou ka wè nou fè kè kontan.’
Men sila yo k ap wont.
Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la,
yon vwa soti nan tanp lan;
vwa a SENYÈ la k ap És 59:18rann rekonpans a lènmi Li yo.
 
“Avan fi a gen doulè, li te anfante;
avan gwo doulè a te rive li, Rev 12:5li te fè yon gason.
Se És 64:4kilès ki te tande yon koze konsa a?
Kilès ki te wè yon bagay konsa?
Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou?
Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan?
La menm Sion te vin gen doulè,
li te fè fis li yo vin parèt.
Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,
pou mwen És 37:3pa livre pitit la?” pale SENYÈ a.
“Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,
ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.
 
10 “Fè Det 32:43kè kontan ak Jérusalem,
e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo.
Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,
11 pou nou kapab souse e És 49:23jwenn satisfaksyon nan tete li,
pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”
 
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen lonje bay fi a Sòm 72:3-7lapè tankou yon rivyè
e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.
Nou va vin pran tete,
nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,
se konsa Mwen va És 12:1rekonfòte nou;
epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”
 
14 Nou va wè sa;
Za 10:7kè nou va kontan e zo nou
va fleri tankou zèb vèt tounèf.
Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;
men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.
 
15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife,
e Sòm 68:17cha Li yo va tankou van toubiyon.
Li va rann kòlè Li ak gwo raj
e repwòch Li ak flanm dife.
16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak És 30:30dife
e avèk nepe Li sou tout chè;
e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.
17 “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann És 1:28-31nèt”, deklare SENYÈ a. 18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak És 59:7panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen. 19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va I Kwo 16:24deklare glwa Mwen pami nasyon yo. 20 Yo va És 43:6mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a. 21 Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon Egz 19:6prèt ak Levit”, SENYÈ a di.
22 “Paske menm jan ke És 65:17syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. 23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène És 19:21-23devan Mwen,” SENYÈ a di. 24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske És 14:11vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”

66:1 I Wa 8:27

66:2 És 40:26

66:4 II Wa 21:2-6

66:5 Mat 5:10-12

66:6 És 59:18

66:7 Rev 12:5

66:8 És 64:4

66:9 És 37:3

66:10 Det 32:43

66:11 És 49:23

66:12 Sòm 72:3-7

66:13 És 12:1

66:14 Za 10:7

66:15 Sòm 68:17

66:16 És 30:30

66:17 És 1:28-31

66:18 És 59:7

66:19 I Kwo 16:24

66:20 És 43:6

66:21 Egz 19:6

66:22 És 65:17

66:23 És 19:21-23

66:24 És 14:11