21
II Kwo 33:1-9Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem; epi manman li te rele Hephtsiba. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, II Wa 16:3selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. Paske, II Wa 18:4li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo; epi I Wa 16:31-33li te monte lotèl pou Baal yo e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. II Wa 16:10-16 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.” Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan I Wa 7:12de lakou lakay SENYÈ a. II Wa 16:3Li te fè fis li yo pase nan dife, Lev 19:26-31 pratike maji e sèvi divinasyon, li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. Anplis, Det 16:21li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. Epi mwen II Sam 7:10p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.” Men yo pa t koute e Manassé te Pwov 29:12sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: 11 “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo e te Jen 15:16fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo e anplis, li te II Wa 21:16fè Juda peche avèk zidòl pa li yo; 12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 13  És 34:11Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk len plon kay Achab la e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. 14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo; epi yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo; 15 akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’ ”
16  II Wa 24:4Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt; anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
17  II Kwo 33:11-19Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 18  II Kwo 33:20Epi Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
19  II Kwo 33:21-23Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. 20 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, II Wa 21:2-16jan Manassé, papa li te konn fè a. 21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi e te adore yo. 22 Konsa, II Wa 22:17li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 23  II Wa 12:20Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. 24 Alò, II Wa 14:5pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. 25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 26 Li te antere nan tonm pa li II Wa 21:18nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.

21:1 II Kwo 33:1-9

21:2 II Wa 16:3

21:3 II Wa 18:4

21:3 I Wa 16:31-33

21:4 II Wa 16:10-16

21:5 I Wa 7:12

21:6 II Wa 16:3

21:6 Lev 19:26-31

21:7 Det 16:21

21:8 II Sam 7:10

21:9 Pwov 29:12

21:11 Jen 15:16

21:11 II Wa 21:16

21:13 És 34:11

21:16 II Wa 24:4

21:17 II Kwo 33:11-19

21:18 II Kwo 33:20

21:19 II Kwo 33:21-23

21:20 II Wa 21:2-16

21:22 II Wa 22:17

21:23 II Wa 12:20

21:24 II Wa 14:5

21:26 II Wa 21:18