16
Alò, pawòl SENYÈ a te vini a I Wa 16:7Jéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di: “Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E I Wa 15:34ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo. Veye byen, Mwen va manje I Wa 16:11Baescha nèt avèk lakay li e I Wa 15:29Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la. I Wa 14:11Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”
I Wa 14:19Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere I Wa 14:7Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.
Anplis, pawòl SENYÈ a, pa I Wa 16:1pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.
Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan. Sèvitè li, II Wa 9:30-33Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. 10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
11 Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke I Wa 15:29li te touye tout manm lakay Baesche yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo. 12 Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baesche, I Wa 16:3selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baesche pa II Kwo 19:2Jéhu, pwofèt la, 13 pou tout peche a Baesche yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te Det 32:21pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo. 14  I Wa 16:5Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
15 Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont I Wa 15:27Guibbethon, ki te pou Filisten yo. 16 Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an. 17 Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa. 18 Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te I Sam 31:4-5mouri. 19 Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te I Wa 12:28mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche. 20  I Wa 16:5-27Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri an Liv Kwonik a Wa Israël yo?
21 Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri. 22 Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a. 23 Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan I Wa 15:21Thirtsa. 24 Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a I Wa 16:28-32Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan. 25  Mi 6:16Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo. 26 Paske li te I Wa 16:19mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo. 27 Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 28 Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li.
29 Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan. 30  I Wa 14:9Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo. 31 Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke Det 7:1-5li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li. 32 Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan II Wa 10:21-27kay Baal ke li te bati Samarie a. 33 Achab osi te fè II Wa 13:6Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo. 34  Jos 6:26Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.

16:1 I Wa 16:7

16:2 I Wa 15:34

16:3 I Wa 16:11

16:3 I Wa 15:29

16:4 I Wa 14:11

16:5 I Wa 14:19

16:6 I Wa 14:7

16:7 I Wa 16:1

16:9 II Wa 9:30-33

16:11 I Wa 15:29

16:12 I Wa 16:3

16:12 II Kwo 19:2

16:13 Det 32:21

16:14 I Wa 16:5

16:15 I Wa 15:27

16:18 I Sam 31:4-5

16:19 I Wa 12:28

16:20 I Wa 16:5-27

16:23 I Wa 15:21

16:24 I Wa 16:28-32

16:25 Mi 6:16

16:26 I Wa 16:19

16:30 I Wa 14:9

16:31 Det 7:1-5

16:32 II Wa 10:21-27

16:33 II Wa 13:6

16:34 Jos 6:26