31
 1 ✡I Kwo 10:1-12Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.   2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye ✡I Kwo 8:33Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo.   3 ✡II Sam 1:6Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo.   4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. ✡II Sam 1:6-10Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.   5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li.   6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.   
 7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo.   8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.   9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive ✡Jij 16:23-24lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.   10 Yo te mete zam li yo nan tanp ✡Jij 2:13Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan an.   11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül,   12 ✡II Sam 2:4-7tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan an. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.   13 Yo te pran zo yo e te ✡II Sam 21:12-14antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.