2
Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?”
Epi SENYÈ a te di li: “Monte!”
Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?”
Epi Li te di: Jos 14:13“Nan Hébron.”
Pou sa, David te monte la ansanm ak I Sam 25:42-43de madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la. Epi I Sam 30:9David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo. Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te I Sam 16:13onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.” David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabés Galaad yo. Li te di yo: I Sam 23:21“Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li. Alò, Egz 34:6ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a. Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”.
Men I Sam 14:50Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm. Li te fè li wa sou Jos 22:9Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la. 10 Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David. 11  II Sam 5:5Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.
12 Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Jos 10:12Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la. 13 Konsa, II Sam 8:16Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la. 14 Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve II Sam 2:16-17fè yon kou batay devan nou la a.”
Joab te reponn: “Kite yo leve.” 15 Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo. 16 Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon. 17 Nan jou sa a, batay la te trè sevè e II Sam 3:1Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo. 18 Alò, I Kwo 2:16twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan. 19 Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner.
20 Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?”
Epi li te reponn: “Se mwen.”
21 Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li. 22 Abner te repete ankò a Asaël: “Vire pa swiv mwen Poukisa mwen ta frape ou pou jiskaske ou rive atè? II Sam 3:27Konsa, kijan mwen ta kapab leve figi mwen a frè ou a, Joab?” 23 Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote II Sam 20:12Asaël te mouri an, te kanpe an plas.
24 Men Joab avèk Abischaï te kouri dèyè Abner e pandan solèy la t ap bese, yo te rive nan ti mòn a Amma a, ki devan Guiach pa chemen dezè a Gabaon an. 25 Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn. 26 Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”
27 Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.” 28 Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, II Sam 3:1ni yo pa t kontinye goumen ankò. 29 Alò, Abner avèk mesye pa li yo te mache nan dezè Araba a tout nwit lan. Yo te travèse Jourdain an, yo te mache tout maten an pou te vini II Sam 2:8Mahanaïm.
30 Alò, Joab te retounen soti swiv Abner. Lè li te fin rasanble tout pèp la ansanm, diz-nèf nan sèvitè David yo anplis ke Asaël te manke. 31 Men sèvitè David yo te touye anpil nan mesye Benjamin yo avèk Abner yo, jiskaske te rive twa-san-swasant moun te mouri. 32 Yo te pran Asaël e te antere li Jen 47:29-30nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron.

2:1 Jos 14:13

2:2 I Sam 25:42-43

2:3 I Sam 30:9

2:4 I Sam 16:13

2:5 I Sam 23:21

2:6 Egz 34:6

2:8 I Sam 14:50

2:9 Jos 22:9

2:11 II Sam 5:5

2:12 Jos 10:12

2:13 II Sam 8:16

2:14 II Sam 2:16-17

2:17 II Sam 3:1

2:18 I Kwo 2:16

2:22 II Sam 3:27

2:23 II Sam 20:12

2:28 II Sam 3:1

2:29 II Sam 2:8

2:32 Jen 47:29-30