5
II Sam 1:2-15Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp II Sam 19:13zo ou ak chè ou. Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon I Sam 25:30chèf sou Israël.’ ” Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David II Sam 3:21te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi I Sam 16:13yo te onksyone David wa sou Israël.
David te gen laj a Nonb 4:3trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan. Nan Hébron, II Sam 2:11li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
I Kwo 11:4-9Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.” Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, II Sam 6:12-16“vil David la”. David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. 10  II Sam 3:1David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li. 11  I Wa 5:1-18Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David. 12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
13 Antretan, Det 17:17David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David. 14 Alò, I Kwo 3:5-8sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon, 15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia, 16 Élischama, Éliada, Éliphéleth.
17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, I Sam 29:1tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. 18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan Jen 14:5vale Rephaïm nan. 19 Konsa, I Sam 23:2David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”
SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
20 Konsa, David te vini I Kwo 14:11Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim. 21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, I Kwo 14:12David avèk mesye li yo te pote yo ale.
22 Alò, II Sam 5:18Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan. 23  II Sam 5:19David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo. 24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke Jij 4:14SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.

5:1 II Sam 1:2-15

5:1 II Sam 19:13

5:2 I Sam 25:30

5:3 II Sam 3:21

5:3 I Sam 16:13

5:4 Nonb 4:3

5:5 II Sam 2:11

5:6 I Kwo 11:4-9

5:7 II Sam 6:12-16

5:10 II Sam 3:1

5:11 I Wa 5:1-18

5:13 Det 17:17

5:14 I Kwo 3:5-8

5:17 I Sam 29:1

5:18 Jen 14:5

5:19 I Sam 23:2

5:20 I Kwo 14:11

5:21 I Kwo 14:12

5:22 II Sam 5:18

5:23 II Sam 5:19

5:24 Jij 4:14