4
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo, soti nan I Kwo 23:3-27 trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.
Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo. Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri Egz 25:10-16 lach temwayaj la avèk li. Yo va Nonb 4:25 kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.
Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak Egz 25:30 pen k ap la tout tan an, va sou li. Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo.
Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri Egz 25:31chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo. 10 Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.
11 Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo. 12 Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an.
13 Yo va retire sann dife ki sou Egz 27:1-8 lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov. 14 Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.
15 Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo Nonb 1:51 pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.
16 Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se Lev 24:1-3 lwil pou limyè a, Egz 30:34-38lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.
17 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: 18 Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo. 19 Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo Nonb 4:15 pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo; 20 men Egz 19:21 yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri.
21 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 22 “Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo; 23 soti nan Nonb 4:3 trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.
24 “Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote: 25 Yo va pote Egz 40:19 rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a, 26 bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan. 27 Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo. 28 Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
29 “Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo; 30 soti nan Nonb 4:3 trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a. 31 Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo, 32 pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo. 33 Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.”
34 Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, 35 soti nan I Kwo 23:24 trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a. 36 Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant (2,750). 37 Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
38 Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo, 39 soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a. 40 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant (2,630). 41 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a.
42 Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo, 43 soti nan Nonb 8:24-26 trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a. 44 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san (3,200). 45 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
46 Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, 47 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a. 48 Mesye konte yo te Nonb 3:39 ui-mil-senk-san-katreven (8,580).
49 Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo Nonb 1:47 te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

4:3 I Kwo 23:3-27

4:5 Egz 25:10-16

4:6 Nonb 4:25

4:7 Egz 25:30

4:9 Egz 25:31

4:13 Egz 27:1-8

4:15 Nonb 1:51

4:16 Lev 24:1-3

4:16 Egz 30:34-38

4:19 Nonb 4:15

4:20 Egz 19:21

4:23 Nonb 4:3

4:25 Egz 40:19

4:30 Nonb 4:3

4:35 I Kwo 23:24

4:43 Nonb 8:24-26

4:48 Nonb 3:39

4:49 Nonb 1:47