8
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va Egz 25:37 bay limyè pa devan chandelye a.’ ”
Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Egz 25:9-40 Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e És 52:11 fè yo vin pwòp. Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite Nonb 19:9-20 dlo ki pirifye sou yo. Kite yo Lev 14:8-9pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp. Konsa, kite yo pran yon towo avèk Lev 2:1 ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche. Alò, Egz 29:4 ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Lev 8:3Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo. 10 Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo Lev 1:4 va poze men yo sou Levit yo, 11 epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon Lev 7:30-34 ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.
12 “Alò, Egz 29:10Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo. 13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a. 14 Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Nonb 3:12 Levit yo va vin pou Mwen.
15 “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e Egz 29:24 prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la; 16 paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm Egz 13:2 nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo. 17 Paske Egz 13:2-15 tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm. 18 Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo. 19  Nonb 3:9 Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
20 Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo. 21  Nonb 8:7 Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp. 22 Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.
23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj Nonb 4:3 venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a. 25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò. 26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo Nonb 1:53 konsènan devwa yo.”

8:2 Egz 25:37

8:4 Egz 25:9-40

8:6 És 52:11

8:7 Nonb 19:9-20

8:7 Lev 14:8-9

8:8 Lev 2:1

8:9 Egz 29:4

8:9 Lev 8:3

8:10 Lev 1:4

8:11 Lev 7:30-34

8:12 Egz 29:10

8:14 Nonb 3:12

8:15 Egz 29:24

8:16 Egz 13:2

8:17 Egz 13:2-15

8:19 Nonb 3:9

8:21 Nonb 8:7

8:24 Nonb 4:3

8:26 Nonb 1:53