19
Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di: “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, Lev 22:20-25 san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze. Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li Lev 4:11-21 va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li. Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e Lev 4:6-17 flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa. Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile. Prèt la va pran bwa Lev 14:4 sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a. Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
“ ‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan Nonb 8:7 dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche. 10 Sila ki ranmase sann gazèl la Nonb 19:7 va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a.
11  Lev 21:1-11 “ ‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. 12 Li dwe Nonb 19:19 pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. 13  Lev 7:21 Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
14 “ ‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. 15 Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
16  Nonb 31:19 “ ‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
17 “ ‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann Nonb 19:9 pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso. 18 Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm. 19 Alò, moun pwòp la Egz 36:25 va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè. 20 Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te Nonb 19:13 degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
21 “ ‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila Nonb 19:7 ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè. 22  Lev 5:2-3 Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’ ”

19:2 Lev 22:20-25

19:3 Lev 4:11-21

19:4 Lev 4:6-17

19:6 Lev 14:4

19:9 Nonb 8:7

19:10 Nonb 19:7

19:11 Lev 21:1-11

19:12 Nonb 19:19

19:13 Lev 7:21

19:16 Nonb 31:19

19:17 Nonb 19:9

19:19 Egz 36:25

19:20 Nonb 19:13

19:21 Nonb 19:7

19:22 Lev 5:2-3