18
Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va Egz 28:38 pote inikite la pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite la kon prèt. Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin Nonb 3:5-10 jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la. Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men Nonb 4:15-20 yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm. Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou.
“Konsa nou va fè tout Egz 27:21 devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo. Veye byen, se Mwen Menm ki Nonb 3:12 te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon Nonb 3:9don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a. Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”
Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout Lev 5:16-18 ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan. Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann Lev 6:30peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo. 10 Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.
11 “Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te Lev 22:1-16 bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.
12  Sòm 81:16 “Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo. 13  Egz 22:29 Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.
14  Lev 27:1-33 “Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou. 15  Egz 13:13-15 Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson. 16 Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.
17 “Men Det 15:19 premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Lev 3:2Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. 18 Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou Lev 7:31 pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè. 19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se II Kwo 13:5 yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”
20 SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Jos 13:33 Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.
21 “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout Lev 27:30-33 dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a. 22 Fis a Israël Nonb 1:51 pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri. 23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va Nonb 18:1 pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj. 24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Det 10:9 Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’ ”
25 SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 26 “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, Né 10:38 yon dim nan dim nan. 27 Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an. 28 Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la. 29 Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’
30 “Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an. 31 Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a. 32 Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou Lev 22:15-16 degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’ ”

18:1 Egz 28:38

18:2 Nonb 3:5-10

18:3 Nonb 4:15-20

18:5 Egz 27:21

18:6 Nonb 3:12

18:6 Nonb 3:9

18:8 Lev 5:16-18

18:9 Lev 6:30

18:11 Lev 22:1-16

18:12 Sòm 81:16

18:13 Egz 22:29

18:14 Lev 27:1-33

18:15 Egz 13:13-15

18:17 Det 15:19

18:17 Lev 3:2

18:18 Lev 7:31

18:19 II Kwo 13:5

18:20 Jos 13:33

18:21 Lev 27:30-33

18:22 Nonb 1:51

18:23 Nonb 18:1

18:24 Det 10:9

18:26 Né 10:38

18:32 Lev 22:15-16