17
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach Egz 25:16-22 temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
“Li va vin rive ke branch Nonb 16:5 moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a Nonb 1:50-53 nan tant asanble a.
Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, Éz 17:24 branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a Nonb 17:4 devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont Det 9:7-24rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: És 6:5 “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! 13  Nonb 1:51 Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”

17:4 Egz 25:16-22

17:5 Nonb 16:5

17:7 Nonb 1:50-53

17:8 Éz 17:24

17:10 Nonb 17:4

17:10 Det 9:7-24

17:12 És 6:5

17:13 Nonb 1:51