6
1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, ✡ Jn 12:41mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, ✡ Rev 4:8yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
3 Epi youn te rele a yon lòt epi te di:
“Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;
✡ Nonb 14:21 tout latè plen ak glwa Li.”
4 Epi fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan ✡ Rev 15:8tanp lan te plen ak lafimen. 5 Epi mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak ✡ Egz 6:12-30 lèv ki pa pwòp e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou ✡ Rev 8:3lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi ✡ És 40:2inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
8 Epi mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye e se kilès k ap ale pou Nou?”
Epi ✡ Trav 26:19mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
9 Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye ✡ És 43:8koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’
10 ✡ Mat 13:15Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di
e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
11 Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?”
Li te reponn:
“Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo,
kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
12 epi SENYÈ a fin ✡ Det 28:64retire moun yo byen lwen
e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
13 Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann,
li va ankò sijè a brile
tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn
ak chouk ki rete lè l koupe mete atè.
✡ Det 7:6 Konsa, Semans ki sen se chouk li.”