15
1 Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye, sèt zanj ki te gen ✡ Lev 26:21sèt fleyo yo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye fini.
2 Mwen te wè yon bagay tankou ✡ Rev 4:6lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e sila ✡ Rev 12:11ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la e te kenbe ap a Bondye yo.
3 Epi yo te chante ✡ Egz 15:1chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an e Yo t ap di:
✡ Det 32:3“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,
O Senyè, Bondye Toupwisan an;
Jis e vrè, se chemen Ou yo,
Wa a nasyon yo
4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,
Epi bay glwa a non Ou?
Paske se Ou sèl ki sen;
✡ Sòm 86:9Paske tout nasyon yo va vini
pou adore devan Ou.
Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”
5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e ✡ Rev 11:19tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri, 6 epi ✡ Rev 15:1sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
7 Answit, youn nan ✡ Rev 4:6kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.
8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk ✡ Egz 19:18lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Epi okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te vin fini.