11
Answit, yo te ban mwen yon Éz 40:3—42:20gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. Kite gran lakou ki deyò tanp lan e pa mezire l, paske Luc 21:24li te bay a nasyon yo; e yo va Dan 7:25foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.
“Epi mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk Jen 37:34twal sak.” Sa yo se Za 4:3,11,14de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a.
Si yon moun vle fè yo mal, II Wa 1:10-12dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo; donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.
Sa yo gen pouvwa pou I Wa 17:1fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a; e yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.
Lè yo fini temwayaj yo, Rev 13:1bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. Epi kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a ke yo rele És 1:9,10Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
Sila ki soti nan Rev 5:9pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 10  Rev 3:10Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11 Men apre twa jou edmi yo, Éz 37:5,9,10,14souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo; e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. 12 Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: Rev 4:1“Vin monte isit la.” Konsa yo te II Wa 2:11monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13 Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14 Dezyèm malè a gen tan pase; gade byen, twazyèm malè a ap vini rapid.
15 Answit, setyèm zanj lan te sone; epi te gen gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a; e Egz 15:18Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 Venn-kat ansyen yo, ki Mat 19:28chita sou twòn pa yo, devan Bondye, te Rev 4:10tonbe sou figi yo pou adore Bondye, 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, Rev 1:8O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te fin pran pwisans ou a, e ou te kòmanse Rev 19:6renye.
18 “Epi Sòm 2:1nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
19  Rev 15:5Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri; epi Eb 9:4lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Epi te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.

11:1 Éz 40:342:20

11:2 Luc 21:24

11:2 Dan 7:25

11:3 Jen 37:34

11:4 Za 4:3,11,14

11:5 II Wa 1:10-12

11:6 I Wa 17:1

11:7 Rev 13:1

11:8 És 1:9,10

11:9 Rev 5:9

11:10 Rev 3:10

11:11 Éz 37:5,9,10,14

11:12 Rev 4:1

11:12 II Wa 2:11

11:15 Egz 15:18

11:16 Mat 19:28

11:16 Rev 4:10

11:17 Rev 1:8

11:17 Rev 19:6

11:18 Sòm 2:1

11:19 Rev 15:5

11:19 Eb 9:4