17
Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”
Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an. Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e I Wa 17:9mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.” Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la. Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.
Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: “Leve ale Ab 20Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Jen 24:17Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, II Wa 4:2-7mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e Jen 21:15-16 mouri.”
13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’ ”
15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
17 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li. 18 Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O I Wa 12:22nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
19 Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li. 20 Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”
21  II Wa 4:34-35Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
22 SENYÈ a te tande vwa Élie, Luc 7:14lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè. 23 Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
24 Konsa, fanm nan te di a Élie: Jn 2:11“Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”

17:4 I Wa 17:9

17:9 Ab 20

17:10 Jen 24:17

17:12 II Wa 4:2-7

17:12 Jen 21:15-16

17:18 I Wa 12:22

17:21 II Wa 4:34-35

17:22 Luc 7:14

17:24 Jn 2:11