4
Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: II Wa 2:3“Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, Lev 25:39-41-48mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke I Wa 17:12yon bokal lwil.”
Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil. Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen. Lè tout Mat 14:20veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.”
Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Jos 19:18Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen. Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon II Wa 4:7nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan. 10 Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”
11 Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze. 12 Konsa li te di a II Wa 4:29-31Guéhazi, sèvitè li a: “Rele fanm Sinamit lan.” Epi lè li te fin rele li, li te parèt kanpe devan l. 13 Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’ ”
Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
14 Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?”
Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”
15 Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la. 16 Epi li te di: Jen 18:14“Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.”
Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”
17 Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a. 18 Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo. 19 Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.”
Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”
20 Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri. 21 Li te monte anlè a, li te II Wa 4:32kouche li sou kabann II Wa 4:7nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti. 22 Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”
23 Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”
24 Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”
25 Konsa li te ale e te vin kote nonm Bondye a sou II Wa 2:25Mòn Carmel. Lè nonm Bondye a te wè li a yon distans li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Men vwala se Sinamit lan. 26 Souple, kouri koulye a rankontre li, epi mande li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’ ”
Konsa, li te reponn: “L ap bon”.
27 Lè l te rive kote nonm Bondye a II Wa 4:25sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”
28 Fanm nan te di: “Èske mwen te mande mèt mwen pou yon fis? Èske mwen pa t di ou: II Wa 4:16‘Pa twonpe m’?”
29 Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, II Wa 2:14pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”
30 Manman a gason an te di: II Wa 2:2-4“Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.”
Konsa, li te leve e te swiv li.
31 Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an Jn 11:11pa t leve.”
32 Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an. 33 Pou sa, II Wa 4:4li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a. 34 Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te I Wa 17:21-23lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho. 35 Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte I Wa 17:21lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li. 36 Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li.
Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”
37 Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi Eb 11:35li te pran fis li, e te sòti.
38 Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon II Wa 8:1gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”
39 Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo. 40 Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen Egz 10:17lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.
41 Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Egz 15:25Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.
42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: Mat 14:16-21“Bay pèp la pou yo kab manje.”
43 Asistan li an te di: “Kisa, Luc 9:13èske mwen va mete sa a devan san moun?”
Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’ ”
44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te Mat 14:20genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.

4:1 II Wa 2:3

4:1 Lev 25:39-41-48

4:2 I Wa 17:12

4:6 Mat 14:20

4:8 Jos 19:18

4:9 II Wa 4:7

4:12 II Wa 4:29-31

4:16 Jen 18:14

4:21 II Wa 4:32

4:21 II Wa 4:7

4:25 II Wa 2:25

4:27 II Wa 4:25

4:28 II Wa 4:16

4:29 II Wa 2:14

4:30 II Wa 2:2-4

4:31 Jn 11:11

4:33 II Wa 4:4

4:34 I Wa 17:21-23

4:35 I Wa 17:21

4:37 Eb 11:35

4:38 II Wa 8:1

4:40 Egz 10:17

4:41 Egz 15:25

4:42 Mat 14:16-21

4:43 Luc 9:13

4:44 Mat 14:20