15
1 ✡ Sòm 106:12 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a, e te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan.
Cheval la avèk moun ki monte l la Li te voye yo nan lanmè.
2 ✡ Hab 3:18“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
Epi Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan, e mwen va ✡ És 25:1leve Li wo.
3 SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L.
Li te voye yo nan lanmè.
Pi bon pami chèf li yo te plonje
mouri nan Lanmè Wouj.
5 Fon yo kouvri yo;
✡ Egz 15:10 Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch
6 Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans,
✡ Sòm 118:15,16 Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.
7 Ak tout grandè Ou, Ou te ranvoye tout sa yo ki leve kontra Ou.
Ou te fè lakolè ou parèt klè. Li te brile manje yo nèt kon pay
8 Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil;
Dlo k ap koule a te ✡ Sòm 78:13 vin kanpe tankou yon miray.
Fon yo te vin koule nan kè lanmè a
9 ✡ Egz 14:5,8,9 Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo;
mwen va divize richès yo; Volonte m kont yo va satisfè;
Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
10 Ou te soufle avèk van Ou, Lanmè a te vin kouvri yo;
Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo✡ Egz 15:5
11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ, Kilès ki tankou Ou,
majeste nan sentete,
Dign pou krent ak lwanj; Ou ✡ Sòm 72:18 k ap fè mèvèy yo
12 ✡ Egz 15:6 Ou te lonje men dwat Ou; Lanmè a te vale yo.
13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,
Ou te ✡ Sòm 77:20mennen pèp ke Ou te ✡ Egz 15:16ransone;
Nan pwisans Ou an,
Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14 ✡ Det 2:25 Lòt nasyon pèp yo te tande; Y ap tranble.
Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15 Epi chèf Édom yo vin sezi; ✡ Nonb 22:3,4Gèrye nan Moab yo pran tranble;
✡ Jos 2:9,11,24Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt
16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo;
✡ Egz 15:5,6Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;
Jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,
Jis lè pèp ke Ou te ✡ Sòm 74:2ransone a vin janbe.
17 Ou va mennen yo e plante yo nan
✡ Sòm 2:6gwo mòn eritaj pa Ou a,
Plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a,
✡ Sòm 78:69Lye sen an, O SENYÈ, ke Men Ou te etabli a.
18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo, men fis Israël yo te mache nan ✡ Egz 14:22,29 tè sèch nan mitan lanmè a.
20 ✡ Egz 2:4 Marie, pwofetès e sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l, tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo e yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo: ✡ Egz 15:1 “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo; Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.” 22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la, e yo te ale nan ✡ Nonb 33:8dezè ✡ Jen 16:7Schur a; epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a e yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan ✡ Nonb 33:8 Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè; se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te ✡ Egz 14:11 plenyen kont Moïse, e te di: “Kisa n ap bwè?”
25 Epi li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa; epi li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La Li te ✡ Jos 24:25fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, e la Li te fè yo ✡ Egz 16:4pase a leprèv. 26 Epi Li te di: ✡ Det 7:12“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a ✡ Egz 20:2-7kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ k ap geri nou an.”
27 Alò, yo te rive nan ✡ Nonb 33:9 Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.