118
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.
Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
O kite Sòm 115:9Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.
O kite Sòm 115:10lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
O kite sila Sòm 115:11ki krent SENYÈ yo di:
“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
Depi nan Sòm 18:6gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;
SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.
Sòm 56:4-11Kisa lòm kab fè m?
SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;
Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.
Li II Kwo 32:7-8pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan lòm.
Li Sòm 146:3pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan prens yo.
10 Tout nasyon yo Sòm 3:6te antoure mwen.
Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.
11 Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.
Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
12 Yo te antoure mwen Det 1:44tankou myèl.
Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.
Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,
Men SENYÈ a te Sòm 86:17 fè m sekou.
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.
Li te vin sali mwen.
15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.
Men Egz 15:6dwat a SENYÈ a se vanyan!
16 Men dwat a SENYÈ a leve wo!
Men Egz 15:6dwat a SENYÈ a se vanyan!
17 Mwen p ap mouri, men m ap viv,
e mwen va Sòm 73:28pale sou zèv a SENYÈ yo.
18 SENYÈ a te Sòm 73:14korije m ak severite,
men Li pa t lage mwen a lanmò.
19  És 26:2Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.
Mwen va antre nan yo.
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
20 Sa se pòtay SENYÈ a.
Sòm 15:1-2Moun ladwati yo va antre ladann.
21 Mwen va bay Ou remèsiman,
paske Ou te Sòm 116:1reponn mwen,
e Ou te vin sali mwen.
22  Mat 21:42Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,
gen tan vini wòch ang prensipal la.
23 Sa fèt pa SENYÈ a.
Li se yon mèvèy nan zye nou.
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou Sòm 31:7rejwi nou e fè kè kontan ladann.
25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!
O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye Sòm 122:6-7 abondans!
26  Mat 21:9Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!
Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou Est 8:16limyè.
Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;
Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!
Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

118:2 Sòm 115:9

118:3 Sòm 115:10

118:4 Sòm 115:11

118:5 Sòm 18:6

118:6 Sòm 56:4-11

118:8 II Kwo 32:7-8

118:9 Sòm 146:3

118:10 Sòm 3:6

118:12 Det 1:44

118:13 Sòm 86:17

118:15 Egz 15:6

118:16 Egz 15:6

118:17 Sòm 73:28

118:18 Sòm 73:14

118:19 És 26:2

118:20 Sòm 15:1-2

118:21 Sòm 116:1

118:22 Mat 21:42

118:24 Sòm 31:7

118:25 Sòm 122:6-7

118:26 Mat 21:9

118:27 Est 8:16