146
Beni SENYÈ a!
Sòm 103:1Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Mwen va beni SENYÈ a Sòm 63:4pandan mwen ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an
pandan mwen sou latè a.
Sòm 118:9Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
Ekl 12:7Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki Sòm 71:5 mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
Ki te fè syèl la avèk tè a,
Trav 14:15 lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
Ki Sòm 103:6egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
SENYÈ a Mat 9:30ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
SENYÈ a Egz 22:21pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!
 

146:1 Sòm 103:1

146:2 Sòm 63:4

146:3 Sòm 118:9

146:4 Ekl 12:7

146:5 Sòm 71:5

146:6 Trav 14:15

146:7 Sòm 103:6

146:8 Mat 9:30

146:9 Egz 22:21