103
Yon Sòm David
Sòm 104:1-35Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm Det 6:12bliye benefis Li yo,
ki Egz 34:7padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin És 40:31renouvle tankou èg la.
SENYÈ a Sòm 99:4fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.
Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,
zèv Li yo a fis Israël yo.
SENYÈ a plen Egz 34:6 mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap Jr 3:5-12kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 Li Esd 9:13pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
12 Menm jan lès lwen lwès la,
Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13 Menm jan Mal 3:17ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke Jen 3:19pousyè.
15 Men pou lòm, jou li yo se Sòm 90:5tankou zèb.
Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.
16 Depi És 40:7van fin pase sou li, li pa la ankò e
plas li a pa rekonèt li ankò.
17 Men Sòm 25:6lanmou dous a SENYÈ a,
soti pou tout tan jis rive pou tout tan
sou sila ki gen lakrent Li yo
e ladwati Li a pitit pitit li yo,
18 pou sila ki kenbe akò Li yo,
e sonje règleman Li yo pou fè yo.
19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la
e souverènte li regne sou tout bagay.
20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,
pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,
ki obeyisan a vwa pawòl Li!
21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,
nou menm Sòm 104:4ki sèvi Li nan fè volonte Li.
22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,
nan tout kote nan wayòm Li an.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

103:1 Sòm 104:1-35

103:2 Det 6:12

103:3 Egz 34:7

103:5 És 40:31

103:6 Sòm 99:4

103:8 Egz 34:6

103:9 Jr 3:5-12

103:10 Esd 9:13

103:13 Mal 3:17

103:14 Jen 3:19

103:15 Sòm 90:5

103:16 És 40:7

103:17 Sòm 25:6

103:21 Sòm 104:4