99
SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li Egz 25:22 plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
SENYÈ a gran nan Sion.
Li Sòm 97:9 leve wo anwo tout pèp yo.
Kite yo louwe non Ou ki Det 28:58 gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
 
Pwisans a Wa a Sòm 11:7 renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
Sòm 132:7 Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
 
Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te Egz 15:25 rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
Li Egz 33:9 te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran Egz 32:28vanjans sou zak mechan yo.
Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mon sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

99:1 Egz 25:22

99:2 Sòm 97:9

99:3 Det 28:58

99:4 Sòm 11:7

99:5 Sòm 132:7

99:6 Egz 15:25

99:7 Egz 33:9

99:8 Egz 32:28