132
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak Jen 49:24tout soufrans li an,
jan li te sèmante a SENYÈ a,
e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
Anverite, mwen p ap antre Job 21:28lakay mwen,
ni kouche sou kabann mwen;
mwen p ap Pwov 6:4kite zye m dòmi,
ni pòpyè zye m fèmen,
jiskaske m jwenn yon I Wa 8:17kote pou SENYÈ a,
yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
Men koute, nou te tande koze sa a nan Jen 35:19Éphrata,
nou te twouve l nan plèn Jaar a.
Annou antre nan abitasyon Li a.
Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,
Ou menm avèk lach fòs Ou.
Kite prèt Ou yo Jen 35:19abiye nan ladwati, e
kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
10 Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont Sòm 2:2onksyone Ou a.
11 SENYÈ a te sèmante a David anverite.
Sou sila Li p ap fè bak:
“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
12 Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak
temwayaj ke Mwen va enstwi yo,
fis pa yo tou va Luc 1:32chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
13 Paske SENYÈ a te Sòm 48:1-2 chwazi Sion.
Li te vle l pou abitasyon Li.
14 “Sa se Sòm 132:8plas repo Mwen, jis pou tout tan.
Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
15 Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.
Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
16 Anplis, Mwen va abiye II Kwo 6:41prèt li yo ak Sali,
e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
17 La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.
Mwen te prepare yon I Wa 11:36lanp pou onksyone pa M nan.
18 Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.
Men sou li menm, Sòm 21:3kouwòn li an va briye.”

132:1 Jen 49:24

132:3 Job 21:28

132:4 Pwov 6:4

132:5 I Wa 8:17

132:6 Jen 35:19

132:9 Jen 35:19

132:10 Sòm 2:2

132:12 Luc 1:32

132:13 Sòm 48:1-2

132:14 Sòm 132:8

132:16 II Kwo 6:41

132:17 I Wa 11:36

132:18 Sòm 21:3