133
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou ✡ Jen 13:8frè yo viv ak tèt ansanm!
2 Se tankou ✡ Egz 29:7lwil presye ki koule sou tèt,
Vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
Vin desann rive sou kote vètman li.
3 Se tankou lawouze Mòn Hermon
Ki vin desann sou mòn Sion nan;
Paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——✡ Sòm 21:4lavi jis pou tout tan.