21
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 O SENYÈ, ✡ Sòm 59:16-17nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan,
epi nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2 Ou te bay li dezi a kè li e Ou pa t refize
demand a lèv li yo.
3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk
Benediksyon de tout bon bagay;
Ou te mete yon ✡ II Sam 12:30 kouwòn sou tèt li
4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li
Yon vi ki long ak ✡ Sòm 91:16jou k ap dire
jis pou tout tan.
5 Glwa li gran akoz sali pa Ou,
✡ Sòm 96:6 Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun
jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa ✡ Sòm 43:4avèk kè kontan
nan prezans Ou.
7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a,
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,
✡ Sòm 112:6Li p ap ebranle menm.
8 Men ou va ✡ És 10:10dekouvri tout lènmi ou yo;
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile
nan tan kòlè ou;
SENYÈ a va ✡ Lam 2:2vale yo nèt nan kòlè Li,
Epi dife va devore yo.
10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,
Epi ✡ Sòm 37:28desandan yo ap disparèt pami
fis a lòm yo.
11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou
e te ✡ Sòm 10:2fòme yon konplo,
Yo p ap reyisi.
12 Paske Ou va fè yo vire do yo;
Ou va pwente ✡ Sòm 7:12-13banza sou figi yo
ak bon kontwòl.
13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
nan tout fòs Ou;
Nou va ✡ Sòm 59:16chante e bay lwanj
a pwisans Ou.