2
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an
ak yon nwaj nan kòlè li!
Li te És 14:12-15jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la.
Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
 
Senyè a te vale tout nèt.
Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo.
Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a.
Li te És 25:12bese yo nèt jis rive atè.
Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
 
Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la.
Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an.
Konsa, Li te És 42:25brile Jacob tankou flanm dife
ki konsome toupatou.
 
Li te koube Job 6:4banza Li kon yon lènmi.
Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè.
Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade.
Nan tant a fi a Sion an,
Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
 
Senyè a vin tankou yon Jr 30:14lènmi.
Li te vale Israël nèt.
Li te vale tout palè li yo.
Li te detwi sitadèl li yo.
Li te miltipliye doulè yo ak plent yo
nan fi a Juda yo.
 
Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,
konsi se yon tonèl jaden.
Li te Jr 52:13detwi kote ke Li menm te deziye
pou asanble yo.
SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,
e Li te meprize ni wa a, ni prèt la
nan gwo kòlè Li a.
 
Senyè a te rejte lotèl Li a.
Li te abandone sanktyè Li a.
Li te Jr 33:4-5livre nan men lènmi an, miray a palè li yo.
Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi
li ta nan yon jou fèt deziye.
 
SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an.
Li te II Wa 21:13lonje yon lign.
Li pa t ralanti men l nan destriksyon.
Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès;
y ap kriye ansanm.
 
Né 1:3Pòtay li yo te fonse antre nan tè,
Li te detwi e kraze fè fòje a.
Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo;
lalwa, nanpwen ankò.
Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
 
10 Ansyen a fi a Sion yo chita atè.
Yo rete an silans.
Yo te jete Job 2:12pousyè sou tèt yo.
Yo abiye yo ak twal sak.
Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
 
11 Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann,
Jr 4:19lespri m vin nan gwo twoub;
kè m vin vide atè nèt, akoz
fi a pèp mwen an vin detwi
e timoun ak tibebe yo ap fennen
nan lari vil la.
 
12 Yo mande manman yo: Jr 5:17“Kote sereyal ak diven an?”
Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo,
pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
 
13 Kisa pou m ta di ou?
A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan?
A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen
ap mennen rekonfò bay ou a,
O fi vyèj a Sion an?
Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè.
Se kilès ki ka Jr 8:22geri ou?
 
14 Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo;
ki te plen foli.
Yo pa t És 58:1dekouvri inikite ou
pou restore ou sòti an kaptivite,
men yo te wè pou ou vizyon
pòt pawòl ki te fo,
ki te egare ou.
 
15 Tout moun ki pase akote chemen an
Job 27:23bat men yo pou moke ou.
Yo sifle anlè kon koulèv
sou fi Jérusalem nan, epi yo di:
“Men èske se vil sa a yo te konn rele
‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
 
16 Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou.
Yo sifle anlè kon koulèv.
Yo fwote dan yo.
Yo di: “Nou te Sòm 56:2vale l nèt!
Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan.
Nou gen tan jwenn li.
Nou gen tan wè l.”
 
17 SENYÈ a te Jr 4:28acheve objektif Li;
Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li
te kòmande soti nan jou ansyen yo.
Li te jete ba,
Li pat fè pitye.
Li te fè lènmi an rejwi sou ou.
Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
 
18  Sòm 119:145Kè yo te kriye fò a Senyè a.
O miray a fi Sion an,
kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit.
Pa aksepte okenn soulajman;
'Pa kite zye ou pran repo.
 
19 Leve, kriye fò nan nwit lan,
nan kòmansman vèy nwit lan!
I Sam 1:15Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a.
Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo
ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
 
20 Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa?
Èske fanm ta dwe Jr 19:9manje pwòp pitit pa yo,
pitit yo ki te fèt an bòn sante?
Èske prèt la ak pwofèt la
dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
 
21 Sou tè nan lari yo, kouche II Kwo 36:17jenn yo ak granmoun yo.
Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe.
Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a;
Ou te fè masak, san pitye.
 
22 Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli,
gwo laperèz mwen yo tout kote.
Jr 11:11Nanpwen moun ki te chape sòti vivan
nan jou kòlè SENYÈ a.
Sila ke m te fè e leve yo,
lènmi m te anile yo nèt.

2:1 És 14:12-15

2:2 És 25:12

2:3 És 42:25

2:4 Job 6:4

2:5 Jr 30:14

2:6 Jr 52:13

2:7 Jr 33:4-5

2:8 II Wa 21:13

2:9 Né 1:3

2:10 Job 2:12

2:11 Jr 4:19

2:12 Jr 5:17

2:13 Jr 8:22

2:14 És 58:1

2:15 Job 27:23

2:16 Sòm 56:2

2:17 Jr 4:28

2:18 Sòm 119:145

2:19 I Sam 1:15

2:20 Jr 19:9

2:21 II Kwo 36:17

2:22 Jr 11:11