30
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: És 30:8 ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Jr 3:18Israël ak Juda.’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo e yo va posede li.’ ”
Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: Paske konsa pale SENYÈ a:
“Mwen te tande son a yon És 5:30gwo laperèz,
a yon gwo krent e pa gen lapè.
Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.
Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,
Jr 4:31konsi se fanm k ap fè pitit?
Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li;
epi se lè a Jr 2:27-28gwo doulè Jacob la, men li va sove de li.
 
“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:
ke Mwen va És 9:4kase jouk li a soti sou kou yo,
Mwen va chire lyen yo; epi etranje yo p ap fè yo
esklav ankò.
Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a
e És 55:3-5David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:
“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;
paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen
e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.
Epi Jacob va retounen, va kalm, alèz
e Mi 4:4nanpwen moun k ap fè l fè pè.
11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a: pou sove ou;
paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen
te gaye ou yo,
sèlman ou ke M p ap detwi nèt.
Men m ap fè ou chatiman ki jis e anverite,
Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Blese ou yo pa kab geri,
e II Kwo 36:16kondisyon ou byen grav.
13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou;
pa gen gerizon pou maleng nan, Jr 14:19ni ou p ap ka refè.
14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,
yo pa chache ou;
paske Mwen te blese ou ak blese a yon lènmi,
ak pinisyon a yon moun ki mechan,
akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
15 Poukisa w ap kriye akoz blese ou yo?
Doulè ou a pa gen gerizon.
Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,
Mwen te fè ou sa a.
16 Akoz sa, tout sila ki Jr 2:3 devore ou yo va vin devore;
epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite;
epi sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm
e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,
va vin viktim yo menm.
17 Paske M ap fè ou Egz 15:26reprann lasante e Mwen va
geri ou de tout blese ou yo,”
deklare SENYÈ a:
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:
‘Se Sion; nanpwen moun k ap okipe l.’ ”
18 Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo
e gen konpasyon pou lakay li yo;
vil la va rebati sou ranblè li yo
e I Kwo 29:1-19palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo;
epi Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;
anplis, Mwen va bay yo És 55:5respè e yo p ap meprize;
20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan e kongregasyon yo
va És 54:14etabli devan M;
epi Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 Chèf pa yo va youn nan yo
e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo;
epi Mwen va Nonb 16:5mennen li toupre
e li va vin toupre Mwen;
paske se kilès ki ta riske lavi l pou pwoche M?”
deklare SENYÈ a.
22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 Gade byen, Jr 23:19tanpèt SENYÈ a, kòlè Li vin soti nèt,
yon tanpèt k ap ravaje;
li va eklate sou tèt a mechan yo.
24  Jr 4:8Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè
e jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li;
nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

30:2 És 30:8

30:3 Jr 3:18

30:5 És 5:30

30:6 Jr 4:31

30:7 Jr 2:27-28

30:8 És 9:4

30:9 És 55:3-5

30:10 Mi 4:4

30:12 II Kwo 36:16

30:13 Jr 14:19

30:16 Jr 2:3

30:17 Egz 15:26

30:18 I Kwo 29:1-19

30:19 És 55:5

30:20 És 54:14

30:21 Nonb 16:5

30:23 Jr 23:19

30:24 Jr 4:8