29
Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, I Kwo 22:5 toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a. Alò, avèk I Kwo 22:3-5tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite. Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan, kon swivan: I Kwo 22:14 twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo; lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”
Answit I Kwo 27:1chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk I Kwo 27:25-31 sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte; epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil Esd 2:69kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè. Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a I Kwo 23:8Jehiel, Gèshonit lan. Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a I Wa 8:61avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11  Mat 6:13A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12  II Kwo 1:12Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. II Kwo 20:6Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W. 15 Paske Lev 25:23nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa. 16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou. 17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke I Kwo 28:9Ou fè sonde tout kè, e Sòm 15:2pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm. 18 O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm. 19 Anplis, I Kwo 28:9bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”
20 Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.”
Epi Jos 22:33tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te Egz 4:31bese ba devan SENYÈ a e ak wa a. 21  I Wa 8:62-63Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochèn jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël. 22 Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè I Kwo 23:1Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.
23 Apre, I Wa 2:12Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm. 24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon. 25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te I Wa 3:13bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
26 Alò I Kwo 18:14David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël. 27  II Sam 5:4-5Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan. 28 Epi li te mouri a Jen 15:15yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li. 29 Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a II Sam 7:2-4Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a I Sam 22:5Gad yo, vwayan a, 30 avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.

29:1 I Kwo 22:5

29:2 I Kwo 22:3-5

29:4 I Kwo 22:14

29:6 I Kwo 27:1

29:6 I Kwo 27:25-31

29:7 Esd 2:69

29:8 I Kwo 23:8

29:9 I Wa 8:61

29:11 Mat 6:13

29:12 II Kwo 1:12

29:12 II Kwo 20:6

29:15 Lev 25:23

29:17 I Kwo 28:9

29:17 Sòm 15:2

29:19 I Kwo 28:9

29:20 Jos 22:33

29:20 Egz 4:31

29:21 I Wa 8:62-63

29:22 I Kwo 23:1

29:23 I Wa 2:12

29:25 I Wa 3:13

29:26 I Kwo 18:14

29:27 II Sam 5:4-5

29:28 Jen 15:15

29:29 II Sam 7:2-4

29:29 I Sam 22:5