3
Apre, I Wa 9:16-24Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan. Men Lev 17:3-5pèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo. Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te I Wa 11:4-38mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo. II Kwo 1:3Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a. Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: Jn 15:7“Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
Salomon te di: II Sam 7:8-17“Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, I Wa 9:4selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, I Kwo 22:9-13Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. Pou sa, II Kwo 1:10bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou Jc 4:3pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, I Wa 4:29-31Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13  I Wa 4:21-24Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14  I Wa 3:6Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va Sòm 91:16pwolonje jou ou yo.”
15  Jen 41:7Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
16 Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l. 17 Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la. 18 Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye. 19 Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li. 20 Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen. 21 Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
22 Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
23 Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’ ”
24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske Jr 31:20li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.”
Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske Dan 1:17yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.

3:1 I Wa 9:16-24

3:2 Lev 17:3-5

3:3 I Wa 11:4-38

3:4 II Kwo 1:3

3:5 Jn 15:7

3:6 II Sam 7:8-17

3:6 I Wa 9:4

3:7 I Kwo 22:9-13

3:9 II Kwo 1:10

3:11 Jc 4:3

3:12 I Wa 4:29-31

3:13 I Wa 4:21-24

3:14 I Wa 3:6

3:14 Sòm 91:16

3:15 Jen 41:7

3:26 Jr 31:20

3:28 Dan 1:17