17
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk Aaron, avèk fis li yo e ak tout fis Israël yo. Di yo: ‘Se sa ke SENYÈ a te kòmande e te di: “Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an, epi ki Det 12:5-21 pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a. Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a. Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va Nonb 18:17 ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a. Egz 22:20 Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.” ’ ”
“Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis, epi ki Egz 20:24 pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a.
10 “ ‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Lev 20:3-6 Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ 11 Paske Jen 9:4 vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. 12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’
13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, Det 12:16 li va vide san li e kouvri li avèk tè. 14  Jen 9:4 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.
15  Egz 22:31 “Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp. 16 Men si li pa lave oswa benyen kò li, Nonb 19:20 li va pote koupabilite li.”

17:4 Det 12:5-21

17:6 Nonb 18:17

17:7 Egz 22:20

17:9 Egz 20:24

17:10 Lev 20:3-6

17:11 Jen 9:4

17:13 Det 12:16

17:14 Jen 9:4

17:15 Egz 22:31

17:16 Nonb 19:20