18
1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ✡ Egz 6:7 ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 3 Pinga nou fè sa ki te ✡ Éz 20:7-8 fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an; pinga nou mache nan règleman pa yo. 4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou viv an akò avèk yo; ✡ Lev 18:2 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, ✡ Wo 10:5 pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo; Mwen se SENYÈ a.
6 “ ‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li; Mwen se SENYÈ a.
7 ✡ Lev 20:11 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, sa se nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
8 ✡ Lev 20:11 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou; li se nidite a papa nou.
9 ✡ Lev 18:11 “ ‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
10 “ ‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
11 “ ‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
12 ✡ Lev 20:19 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou; li se pwòp relasyon san papa nou.
13 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
14 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou; nou pa pou pwoche madanm li; li se matant nou.
15 ✡ Lev 20:12 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou; li se madanm a fis nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
16 ✡ Lev 20:21 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou; li se nidite a frè nou.
17 ✡ Lev 20:14 “ ‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li, ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li; yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
18 “ ‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
19 ✡ Lev 15:24 “ ‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li.
20 ✡ Lev 20:10 “ ‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
21 “ ‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo ✡ Lev 20:2-5 pou ofri bay Moloc, ni nou pa pou degrade non Bondye; Mwen se SENYÈ a.
22 ✡ Lev 20:13 “ ‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm; li se yon abominasyon.
23 “ ‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li, ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li; sa se yon pèvèsyon.
24 “ ‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi. 25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi, ✡ Lev 20:23 pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò. 26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo 27 (paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi); 28 pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.
29 “ ‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a. 30 Konsa, se pou nou kenbe ✡ Lev 22:9 lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo; Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’ ”