10
Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. Paske mwen temwaye de yo ke yo Trav 21:20gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. Paske san konesans de Wo 1:17ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. Paske Wo 7:1-4Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
Moïse te ekri ke moun Lev 18:5ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. Men Wo 9:30ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: Det 30:12“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou Eb 13:20mennen Kris sòti nan lanmò).” Men kisa sa di? Det 30:14“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Trav 2:24Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: És 28:16“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske Wo 3:22,29pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa Jl 2:32“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li Ef 2:17si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san Trav 8:31yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
És 52:7“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay bèl yo!”
16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: És 53:1“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan Gal 3:2,5tande, e tande pa Kol 3:16pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:
Sòm 19:4“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
 
19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:
Det 32:21“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
 
20 Ésaïe, ak kouraj te di: És 65:1“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;
Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
 
21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

10:2 Trav 21:20

10:3 Wo 1:17

10:4 Wo 7:1-4

10:5 Lev 18:5

10:6 Wo 9:30

10:6 Det 30:12

10:7 Eb 13:20

10:8 Det 30:14

10:9 Trav 2:24

10:11 És 28:16

10:12 Wo 3:22,29

10:13 Jl 2:32

10:14 Ef 2:17

10:14 Trav 8:31

10:15 És 52:7

10:16 És 53:1

10:17 Gal 3:2,5

10:17 Kol 3:16

10:18 Sòm 19:4

10:19 Det 32:21

10:20 És 65:1