3
Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? Anpil nan tout aspè. Premyèman Det 4:8Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. Answit kisa? Si Wo 10:16kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: Sòm 51:4“Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? Wo 6:19(M ap pale tankou yon moun)? Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Wo 2:16Bondye va jije lemond? Men si akoz manti pa m Wo 3:4verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, Wo 9:19poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): Wo 6:1“Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10 Jan sa ekri a:
Sòm 14:1-3“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
13  Sòm 5:9Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
Sòm 140:3Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14  Sòm 10:7Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
15  És 59:7pye yo kouri rapid pou fè san koule.
16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
18  Sòm 36:1Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak Wo 2:12; Wo 3:9sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20 Paske Sòm 142:3pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè Wo 1:17ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske Wo 10:12pa gen patipri. 23 Paske tout moun Wo 3:9 peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo Wo 4:4,16jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon I Jn 2:2viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27  Wo 2:17,23Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske Trav 13:39nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen Trav 10:34èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye Wo 3:22ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou Mat 5:17etabli Lalwa a.

3:2 Det 4:8

3:3 Wo 10:16

3:4 Sòm 51:4

3:5 Wo 6:19

3:6 Wo 2:16

3:7 Wo 3:4

3:7 Wo 9:19

3:8 Wo 6:1

3:10 Sòm 14:1-3

3:13 Sòm 5:9

3:13 Sòm 140:3

3:14 Sòm 10:7

3:15 És 59:7

3:18 Sòm 36:1

3:19 Wo 2:12; Wo 3:9

3:20 Sòm 142:3

3:21 Wo 1:17

3:22 Wo 10:12

3:23 Wo 3:9

3:24 Wo 4:4,16

3:25 I Jn 2:2

3:27 Wo 2:17,23

3:28 Trav 13:39

3:29 Trav 10:34

3:30 Wo 3:22

3:31 Mat 5:17