6
Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap Wo 3:8kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Trav 2:38Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? Konsa, nou gen tan Kol 2:12antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
Paske II Kor 2:10si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. Byen rekonesan ke Ef 4:22ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. Alò Wo 6:4si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. Paske nou konnen ke Kris ki te Trav 2:24leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm Wo 6:2mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12 Konsa, pa kite peche Wo 6:14reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men Wo 12:1prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske Wo 8:6peche pa dwe mèt nou, paske Wo 7:4nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15 Kisa Ankò? Wo 6:1Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm Jn 8:34esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a II Tim 1:13menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te Jn 8:32libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan Wo 6:13ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20 Paske Mat 6:24lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21 Donk Ki Jr 12:13benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan Jn 8:32fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. 23 Paske salè a Wo 6:16peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

6:1 Wo 3:8

6:3 Trav 2:38

6:4 Kol 2:12

6:5 II Kor 2:10

6:6 Ef 4:22

6:8 Wo 6:4

6:9 Trav 2:24

6:11 Wo 6:2

6:12 Wo 6:14

6:13 Wo 12:1

6:14 Wo 8:6

6:14 Wo 7:4

6:15 Wo 6:1

6:16 Jn 8:34

6:17 II Tim 1:13

6:18 Jn 8:32

6:19 Wo 6:13

6:20 Mat 6:24

6:21 Jr 12:13

6:22 Jn 8:32

6:23 Wo 6:16