12
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou Wo 6:13,19prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa Ef 4:23renouvèlman lespri nou, pou nou kapab Ef 5:10,17pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou Wo 11:20pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. Paske I Kwo 12:12-14menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè I Kwo 12:20,27yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. Akoz nou gen don ki Wo 12:3pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; si se Trav 6:1fè sèvis, nan sèvi moun, si se Trav 13:1enstwi, nan enstwi, si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; I Tim 5:17si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
Se pou nou renmen II Kwo 6:6san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10  Jn 13:34Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete Trav 18:25zele nan lespri nou, ak Trav 20:19nan sèvis Senyè a, 12  Wo 5:2rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon Trav 5:14pèsevere nan lapriyè. 13  II Kwo 9:1Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou Mat 25:35pratike ospitalite.
14  Mat 5:44Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15  Job 30:25Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pwov 3:7Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17  Pwov 20:22Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou Mc 9:50rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: Det 32:35“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20  II Wa 6:22“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

12:1 Wo 6:13,19

12:2 Ef 4:23

12:2 Ef 5:10,17

12:3 Wo 11:20

12:4 I Kwo 12:12-14

12:5 I Kwo 12:20,27

12:6 Wo 12:3

12:7 Trav 6:1

12:7 Trav 13:1

12:8 I Tim 5:17

12:9 II Kwo 6:6

12:10 Jn 13:34

12:11 Trav 18:25

12:11 Trav 20:19

12:12 Wo 5:2

12:12 Trav 5:14

12:13 II Kwo 9:1

12:13 Mat 25:35

12:14 Mat 5:44

12:15 Job 30:25

12:16 Pwov 3:7

12:17 Pwov 20:22

12:18 Mc 9:50

12:19 Det 32:35

12:20 II Wa 6:22