12
I Sam 27:2-6Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo. Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te I Kwo 12:29fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an. Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la; Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la; Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la; Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo; ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn. Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan, 10 Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan, 11 Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan, 12 Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan, 13 Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan. 14 Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; Det 32:30sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye. 15  Jos 3:15Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
16 Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la. 17 David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.” 18 Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo,
“Nou se pa w, O David,
Epi avèk ou, O fis a Jesse a!
Lapè, lapè a ou menm
Epi lapè avèk sila ki ede ou!
Anverite, Bondye ou a ap ede ou!”
Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
19  I Sam 29:2-9Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”
20 Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo. 21 Yo te ede David kont I Sam 30:1bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a. 22 Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame Jen 32:2tankou lame Bondye a.
23 Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, II Sam 2:3-4 nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a. 24 Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè. 25 Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san. 26 Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san. 27 Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san, 28 anplis, II Sam 8:17Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn. 29 Nan fis Benjamin yo, I Kwo 12:2fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, II Sam 2:8-9pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul. 30 Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo. 31 Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa. 32 Nan fis a Issacar yo, Est 1:13mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo. 33 Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk Sòm 12:2kè ki pa t divize menm. 34 Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans. 35 Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san. 36 Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la. 37 Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
38 Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk II Sam 5:1-13yon sèl kè sensè pou fè David wa. 39 Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo. 40 Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te I Sam 25:18pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.

12:1 I Sam 27:2-6

12:2 I Kwo 12:29

12:14 Det 32:30

12:15 Jos 3:15

12:19 I Sam 29:2-9

12:21 I Sam 30:1

12:22 Jen 32:2

12:23 II Sam 2:3-4

12:28 II Sam 8:17

12:29 I Kwo 12:2

12:29 II Sam 2:8-9

12:32 Est 1:13

12:33 Sòm 12:2

12:38 II Sam 5:1-13

12:40 I Sam 25:18