12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1 Sekou, SENYÈ, paske ✡ És 57:1moun ladwati yo
Sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt;
✡ Wo 16:18lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo;
ak lang ki ✡ Dan 7:8pale gwo bagay yo;
4 Ki ✡ Sòm 73:8-9te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi;
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
Koulye a, ✡ És 33:10Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
Tankou ajan ki ✡ Pwov 30:5teste nan founo
Rafine nan tè sèt fwa.
7 Ou menm, O SENYÈ, va kenbe yo;
Ou va ✡ Sòm 37:28prezève li soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
Lè ✡ És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.