11
Pou direktè koral la; yon sòm David
Se nan SENYÈ a ke m Sòm 2:12kache.
Kijan ou kapab di a nanm mwen:
“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
Paske, gade byen, mechan yo koube banza,
Yo Sòm 64:3 fè flèch yo parèt sou kòd la,
pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
Si Sòm 82:5fondasyon yo vin detwi,
se kisa moun dwat yo kab fè?”
SENYÈ a nan sen tanp Li an.
Rev 4:2 SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.
Zye Li veye.
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
SENYÈ a Jen 22:1sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
Sou mechan yo, Li va Sòm 18:13-14voye chabon cho tankou lapli;
dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
Paske Bondye dwat.
Li renmen ladwati.
Sila ki kanpe dwat yo va Sòm 16:11wè figi Li.

11:1 Sòm 2:12

11:2 Sòm 64:3

11:3 Sòm 82:5

11:4 Rev 4:2

11:5 Jen 22:1

11:6 Sòm 18:13-14

11:7 Sòm 16:11