64
Pou direktè koral la. Yon Sòm David.
Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.
Sòm 140:1Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,
kont boulvèsman a Sòm 59:2sila ki fè mechanste yo.
Ki te file lang yo tankou nepe.
Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.
Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.
Yo pale sou Sòm 140:5 pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.
Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
Yo fè manèv pou enjistis e di:
“Nou prè pou yon konplo byen fòme”.
Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
Men Sòm 7:12-13 Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.
Sibitman, yo va blese.
Konsa, yo va Sòm 9:3 chape tonbe.
Pwòp lang pa yo va kont yo.
Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
Nan moman sa a, tout moun va krent.
Konsa, yo va Jr 51:10 deklare zèv Bondye yo.
Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
10 Nonm ladwati a va Job 22:19 kontan nan SENYÈ a!
Yo va pran refij nan Li,
epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

64:1 Sòm 140:1

64:2 Sòm 59:2

64:5 Sòm 140:5

64:7 Sòm 7:12-13

64:8 Sòm 9:3

64:9 Jr 51:10

64:10 Job 22:19