22
 1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:   
 2 “Èske yon ✡Job 35:7nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?  
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.   
 3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,  
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?   
 4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye  
ke L ap repwoche ou?  
Ke l ap ✡Job 14:3antre nan jijman kont ou?   
 5 Se pa ke ✡Job 11:6mechanste ou gran  
e inikite ou yo san limit?   
 6 Paske ou te ✡Job 24:3-9pran garanti a frè ou yo san koz  
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.   
 7 A moun fatige yo, ou ✡Job 31:16-17pa t bay dlo pou bwè  
e a grangou yo, ou te ✡Job 31:31refize yo pen.   
 8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,  
e se ✡És 3:3moun entèg ki viv ladann.   
 9 Ou te voye vèv yo ale men vid  
e te kraze fòs a ✡Job 6:27òfelen yo.   
 10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,  
e ✡Job 15:21laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,   
 11 oswa se ✡Job 5:14fènwa pou ou pa kab wè  
ak anpil dlo ki kouvri ou.   
 12 “Èske Bondye pa ✡Job 11:7-9nan wotè syèl la?  
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!   
 13 Ou di: ✡És 29:15‘Kisa Bondye konnen?  
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?   
 14 ✡Job 26:9Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,  
pou L pa kab wè.  
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’   
 15 Èske ou va kenbe ✡Job 34:36ansyen chemen a,  
kote mesye mechan yo te mache,   
 16 ki te rachte avan lè yo,  
ki te lese fondasyon ki lave a  
retire nèt pa rivyè a?   
 17 Yo te ✡Job 21:14-15di a Bondye: ‘Kite nou!’,  
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’   
 18 Sepandan, Li te ✡Job 12:6ranpli lakay yo ak bon bagay;  
men ✡Job 21:16konsèy a mechan yo lwen m.   
 19 ✡Sòm 52:6Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.  
Inosan yo moke yo.   
 20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.  
E ✡Job 15:30dife a fin manje retay yo.’   
 21 ✡Sòm 34:10“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;  
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.   
 22 Souple, resevwa ✡Job 8:10enstriksyon nan bouch Li  
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.   
 23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an,  
ou va restore,  
si ou ✡Job 11:14retire inikite a byen lwen tant ou.   
 24 ✡Job 31:24-25Mete richès ou nan pousyè a,  
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.   
 25 Alò, se Toupwisan an ki va richès ou,  
e pi bèl ajan pou ou.   
 26 Paske konsa ou va ✡Sòm 37:4rejwi nan Toupwisan an,  
e leve figi ou vè Bondye.   
 27 Ou va priye a Li menm, e ✡Job 34:28Li va tande ou.  
Ou va peye ve ou yo.   
 28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;  
konsa limyè va briye sou wout ou.   
 29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,  
e moun ki ✡Jc 4:5enb lan, Li va sove li.   
 30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,  
e ✡Job 42:7-8delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”