11
Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm Job 8:2pale anpil vin akite?
Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou Job 17:2moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e Job 10:7mwen inosan nan zye Ou.’
Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon Job 9:4gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite.
 
Job 33:12-13“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
Yo Job 22:12wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,
Job 9:12kilès kap anpeche Li?
11 Paske Job 34:21-23Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12 Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon Job 39:5bourik mawon fèt kon yon moun.
 
13 “Si ou ta vle vin bon,
I Sam 7:3dirije kè ou e Sòm 88:9lonje men ou vè Li.
14 Si se inikite ki nan men ou, Job 22:23mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15 Konsa, anverite, ou ta kab Job 22:26leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e Sòm 27:3 pa oblije gen lakrent.
16 Konsa ou va És 65:16bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
17 Lavi ou va Job 22:26pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 Ou va So 3:13kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.
Wi, anpil moun va És 45:14 mande favè ou.
20 Men Det 28:65zye a mechan yo va gate,
e Job 27:22 p ap gen chape pou yo.
Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”

11:2 Job 8:2

11:3 Job 17:2

11:4 Job 10:7

11:6 Job 9:4

11:7 Job 33:12-13

11:8 Job 22:12

11:10 Job 9:12

11:11 Job 34:21-23

11:12 Job 39:5

11:13 I Sam 7:3

11:13 Sòm 88:9

11:14 Job 22:23

11:15 Job 22:26

11:15 Sòm 27:3

11:16 És 65:16

11:17 Job 22:26

11:19 So 3:13

11:19 És 45:14

11:20 Det 28:65

11:20 Job 27:22