27
Alò, Job te kontinye Job 13:12diskou li. Li te di:
Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,
Toupwisan Job 9:18ki te fè m gen nanm anmè a,
paske tan lavi toujou nan mwen.
Job 32:8Souf Bondye la nan nen m.
Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,
ni Job 6:28lang mwen pa p pale manti.
Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.
Jiskaske m mouri, Job 6:29mwen p ap lage entegrite m.
Mwen Job 2:3kenbe fèm a ladwati mwen.
Mwen p ap lage l menm.
Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
 
“Kite lènmi m kapab tankou mechan a.
Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
 
Paske ki Job 8:13espwa sila ki san Bondye a genyen
lè l koupe retire nèt,
lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
Èske Bondye va tande kri li lè Pwov 1:27malè rive li?
10 Èske li va Sòm 37:4pran plezi nan Toupwisan an?
Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
11 Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.
Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
12 Gade byen, nou tout gen tan wè sa.
Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
 
13 “Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,
ak eritaj ke Job 15:20 mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
14 Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.
Konsa, Job 20:10desandan li yo ap toujou manke pen.
15 Sila ki swiv li yo va antere nan lamò
e Sòm 78:64vèv li yo p ap kriye pou li.
16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè
e prepare vètman anpil tankou ajil,
17 li kab prepare l, Job 20:18-21men se moun ladwati yo k ap mete li,
se inosan yo k ap divize ajan an.
18 Li te bati Job 8:15kay li tankou papiyon,
oswa tankou kay poto gadyen te fè.
19 Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;
li ouvri zye li, men Job 7:8-10li pa la.
20  Job 15:21Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.
Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
21 Van lès la pote l ale e li pati.
Li fè l vire tounen Job 7:10 kite plas li.
22 Paske l ap plonje sou li san epanye,
pandan li eseye Job 11:20 envite l chape nan men l.
23 Pèp la va bat men yo sou li.
Yo va Job 18:18sifle sou li kon koulèv,
pou li kite plas li a.”
 

27:1 Job 13:12

27:2 Job 9:18

27:3 Job 32:8

27:4 Job 6:28

27:5 Job 6:29

27:6 Job 2:3

27:8 Job 8:13

27:9 Pwov 1:27

27:10 Sòm 37:4

27:13 Job 15:20

27:14 Job 20:10

27:15 Sòm 78:64

27:17 Job 20:18-21

27:18 Job 8:15

27:19 Job 7:8-10

27:20 Job 15:21

27:21 Job 7:10

27:22 Job 11:20

27:23 Job 18:18