2
Job 1:6-8Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”
Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou Job 27:5-6kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. Malgre sa, lonje men Ou koulye a e Job 19:20touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk Det 28:35abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan Éz 27:30li te chita nan mitan sann yo. Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Job 1:21Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”
Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Job 6:19Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te Lam 2:10jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13  Jen 50:10Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

2:1 Job 1:6-8

2:3 Job 27:5-6

2:5 Job 19:20

2:7 Det 28:35

2:8 Éz 27:30

2:10 Job 1:21

2:11 Job 6:19

2:12 Lam 2:10

2:13 Jen 50:10