27
1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 2 “Epi ou menm, fis a lòm, ✡ Jr 9:10leve yon lamantasyon sou Tyr 3 Epi di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp a anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:
“O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
4 Lizyè ou nan kè lanmè yo;
Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
5 Yo te fè tout planch ou yo ak pye sapen Senir yo;
Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
6 Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo;
Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou pon an
ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
7 Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte
Ki te sèvi kon mak pou distenge ou;
Byen kolore ak ✡ Egz 25:4ble, mov ki te sòti nan peyi
kòt Élischa yo
8 Mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo;
Mesye ✡ I Wa 9:27saj ou yo, O Tyr, te sou lanmè a;
Se yo ki te pilòt yo.
9 Ansyen a ✡ Jos 13:5Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou
pou repare kote ki ouvri yo;
Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou
okipe machandiz ou yo.
10 ✡ Éz 30:5“ ‘ “Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou,
mesye lagè ou yo.
Yo te pann boukliye ak kas nan ou;
yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
11 Fis a Avad yo ak lame ou a te sou
miray ou yo toupatou e gèrye yo te pann
boukliye yo sou miray ou yo toupatou.
Yo te vin pèfeksone bèlte ou a.
12 “ ‘ “Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo; avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te peye machandiz ou yo.
13 “ ‘ “Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou; ak ✡ Jl 3:3lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te peye machandiz ou yo.”
14 “ ‘ “Sila nan ✡ Jen 10:3Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
15 “ ‘ “Fis a ✡ Jr 25:23Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin mache ou; kòn ivwa ak ebèn te pote pou peye ou.
16 ✡ Jij 10:6“ ‘ “Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo; yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
17 “ ‘ “Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou; ak ble ki sòti ✡ Jij 11:33Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
18 ✡ Jen 14:15“ ‘ “Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
19 “ ‘ “Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo; fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
20 ✡ Jen 25:3“ ‘ “Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
21 “ ‘ “Arabie ak tout prens a Kédar yo, yo te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo; akoz de sa yo, yo te kliyan ou.”
22 “ ‘ “Vandè a ✡ Jen 10:7Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou; yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis e ak tout bijou presye ak lò.”
23 “ ‘ “Charan, Canné, ak ✡ II Wa 19:12Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” 24 Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
25 ✡ És 2:16“ ‘ “Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.
Epi ou te vin ranpli
e te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
26 Mèt zaviwon yo te mennen ou nan ✡ Éz 26:19gwo dlo;
Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
27 Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo, maren
ak pilòt ou yo,
Gwo bòs pou ranje bato yo,
vandè ki fè komès machandiz,
Ak tout mesye lagè ki nan ou yo,
ak tout twoup ki pami ou a,
Va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou
boulvèsman ou an.
28 Nan son kri a pilòt ou yo,
tè patiraj yo va ✡ Éz 26:10-18souke.
29 Tout moun ki konn manyen zaviwon,
✡ Rev 18:17-19mesye maren ak tout pilòt lanmè yo
Va desann kite bato yo;
yo va kanpe atè,
30 Epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou
e yo va kriye fò.
Yo va ✡ I Sam 4:12jete pousyè sou tèt yo,
yo va vire tounen nan mitan sann yo
31 Anplis, yo va fè yo menm vin chòv pou ou
e mare senti yo ak twal sak;
Epi yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo,
ak yon plenyen byen anmè.
32 Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon
✡ Éz 26:17lamantasyon pou ou e menm kriye pou ou:
‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki
rete an silans nan mitan lanmè a?’
33 Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo,
Ou te fè kè anpil pèp kontan; ak ✡ Éz 27:12-18fòs kantite
richès ak machandiz ou yo,
ou te fè wa latè yo vin rich.
34 Alò, koulye a lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo,
Nan fon dlo yo,
✡ Za 9:3-4machandiz ou ak tout twoup ou yo
te tonbe pami ou.
35 Tout ✡ És 23:6sila ki rete nan peyi kot lanmè yo
te vin efreye de ou
e wa yo vin plen ak gwo laperèz;
vizaj yo vin twouble.
36 Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou;
ou te vin plen ak gwo laperèz
e ou ✡ Sòm 37:10-36va sispann egziste jis pou tout tan.” ’ ”