13
Alò Jos 14:10Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.
“Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo; soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); I Sam 6:4-16senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo. Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Jos 12:18Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo; epi teritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn I Wa 5:18 Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.
“Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se Nonb 33:54sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a. Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”
Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo Jos 12:1-6lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a: soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon; 10 epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo; 11 epi Jen 37:35Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca; 12 tout wayòm a Det 3:11Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te Nonb 21:24frape yo e deplase yo.
13 Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.
14  Det 18:1Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.
15 Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo. 16 Teritwa pa yo te Jos 13:9soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a; 17 Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon, 18 epi Jahats, Kedémoth, Méphaath, 19 Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a, 20 Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth, 21 tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Nonb 31:8Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a. 22 Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Nonb 31:8Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo. 23 Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.
24 Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo. 25 Teritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a, 26 epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a; 27 epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Nonb 34:11Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès. 28 Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.
29 Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo. 30 Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a Nonb 32:41vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou. 31 Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Jos 9:10Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.
32 Sila yo se teritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.
33 Men Det 18:1a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.

13:1 Jos 14:10

13:3 I Sam 6:4-16

13:4 Jos 12:18

13:5 I Wa 5:18

13:6 Nonb 33:54

13:8 Jos 12:1-6

13:11 Jen 37:35

13:12 Det 3:11

13:12 Nonb 21:24

13:14 Det 18:1

13:16 Jos 13:9

13:21 Nonb 31:8

13:22 Nonb 31:8

13:27 Nonb 34:11

13:30 Nonb 32:41

13:31 Jos 9:10

13:33 Det 18:1