14
1 Alò, sila yo se teritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke ✡ Nonb 34:16-29Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo, 2 selon tiraj ✡ Nonb 26:55osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a. 3 Paske, Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an; men, ✡ Jos 13:14li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo. 4 Paske, fis Joseph yo te de tribi, ✡ Jen 41:5-11Manassé avèk Éphraïm e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk teren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo. 5 Konsa, fis Israël yo te fè ✡ Nonb 35:11jan SENYÈ a te kòmande Moïse la; epi yo te divize teren an.
6 Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak ✡ Nonb 13:6-30Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an te di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa. 7 Mwen te gen karantan lè ✡ Nonb 13:1-31Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a; epi mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan. 8 Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men, ✡ Nonb 14:24Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” 9 Epi Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman ✡ Det 1:36peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
10 “Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a; epi koulye a, gade byen; jodi a mwen gen katreven senk ane. 11 ✡ Det 34:7Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an; tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti. 12 Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a, paske ou te tande nan jou sa a ke ✡ Nonb 13:33Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye; petèt SENYÈ a va avè m e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
13 Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a; paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt. 14 Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt. 15 Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba; paske Arba te pi gran pami Anakim yo.
Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.