35
Alò, Lev 25:32-34SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di: Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo. Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Teren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo.
Teren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil (1,000) koude. Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil (2,000) koude, nan kote sid, de-mil (2,000) koude, nan kote lwès, de-mil (2,000) koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm teren pa yo pou vil yo.
Vil ke nou va bay a Levit yo va Jos 20:7-9sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil. Tout vil ke nou va bay a Levit yo va Jos 21:41karanntuit vil ansanm avèk teren patiraj pa yo. Lev 25:32-34Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10  Jos 20:1-9“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an, 11 alò, nou va apwente pou nou menm Jos 20:1vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale. 12  Det 19:4-6Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije. 13 Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil. 14 Nou Det 4:41va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil. 15 Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun Nonb 35:11san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.
16  Nonb 35:31“ ‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò. 17 Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 18 Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 19 Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li. 20  Jen 4:8Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li Egz 21:14kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri, 21 oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.
22  Nonb 35:11“ ‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon, 23 oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal, 24 alò, Jos 20:6kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo. 25 Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.
26 “ ‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a, 27 epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an, 28 akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.
29 “ ‘Bagay sa yo va yon Nonb 27:11òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.
30  Nonb 35:16“ ‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
31 “ ‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò. 32 Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.
33  Sòm 106:38“ ‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof Jen 9:6pa san a sila ki te fè vèse san an. 34 Nou pa pou Lev 18:24konwonpi peyi kote nou rete a, kote Nonb 5:3Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’ ”

35:1 Lev 25:32-34

35:6 Jos 20:7-9

35:7 Jos 21:41

35:8 Lev 25:32-34

35:10 Jos 20:1-9

35:11 Jos 20:1

35:12 Det 19:4-6

35:14 Det 4:41

35:15 Nonb 35:11

35:16 Nonb 35:31

35:20 Jen 4:8

35:20 Egz 21:14

35:22 Nonb 35:11

35:24 Jos 20:6

35:29 Nonb 27:11

35:30 Nonb 35:16

35:33 Sòm 106:38

35:33 Jen 9:6

35:34 Lev 18:24

35:34 Nonb 5:3